Jakmèl (komin)
Apparence
al gade paj ki genyen lis atik menm non yo.
Jakmèl se yon vil. Li te fonde an 1698.
Komin sa a se souprefekti an pou awondisman an ke gen mem non.
Komin sa a se chèflye a pou depatman Sidès.
Pèsonalite nan relasyon avèk Jakmèl
[modifye | modifye kòd]- Horace-Camille Desmoulins (1792-1825), pitit gason revolisyonè franse Camille Desmoulins (1760-1794), viv nan Ayiti an 1817 kote li marye avèk Zoé Villefranche. Yo genyen kat (4) pitit. Li mouri 29 jen 1825 nan Jakmèl .
Anpil lòt pèsonalite te fèt nan Jakmèl :
- Magloire Ambroise (1774-1807), ofisye siperyè nan lame kolonyal fransèz ak jeneral lame revolisyonè ayisyèn an, ewo endepandans Ayiti ak kosiye Lwa Endepandans Repiblik Ayiti sou 1e janvye 1804.
- Charles Moravia (1875-1938)
- Roussan Camille (1912-1961)
- Castera Bazile (1923-1966), pent
- Préfète Duffaut (1923-2012), pent
- Gérald Bloncourt (ki fèt 1926), pent ak fotograf
- René Depestre (ki fèt 1926), ekriven ak powèt. Li sitiye nan Jakmèl aksyon woman li: Hadriana dans tous mes rêves (1988)
- Fred Baptiste (1933-1974), aktivis politik ak lidè Fòs Lame Revolisyonè yo nan Ayiti (FARH).
- Jean Métellus (1937-2014), ki ekri woman Jacmel au crépuscule (edisyon Gallimard, 1981) ak rekey powèm Jakmèl : Jacmel, ma cité musicale aux lèvres tropicales.
- Ulrick Chérubin (1943-2014), majistra nan vil Amos nan Kebèk.
- Michel Adrien, majistra nan vil Mont-Laurier nan Kebèk.
- Michaëlle Jean, sekretè jeneral Organisation internationale de la Francophonie ak ansyen gouvènè jeneral Kanada ki fèt nan Pòtoprens nan yon fanmi nan Jakmèl.